Tèt Mòn Lakay
Ala traka
pou zenglen
Lapawòl antòtye
Nan pwent lang
Espektatè bèkèkè
Si m pale
M pa paladyòl
Si m pale
M pa divagè
Sa m santi
Se sa m konprann
Temwayaj pa m
Se flòt doulè
Savann peyi m
Kòd rasin mwen
La m dwe fleri
Tèt mòn lakay
Kale bobis
Ap fè tensèl
Kou boul mabi
Pwenn benefis
Anba lavil
Nan tout lari
Y ap jwe toutvis
Ak lenjistis
Nègès isit
Nègès respè
Tifi dantan
Nègès rara
K ap kalinda
Nan vèy tchatcha
Pa bay banda
Ak pòy siga
Sizanka
Nan banda
Mayita ta koupi
San tanga
Mazanza bèl siga
Ta tchatcha
Pou siga
San renka
Piti piti
Tifi ayè
Bat lawouze
Tout lanjelis
Lonnen kako
San fomezi
Pou benefis
Jouk lalin klè
Tifi dantan
Nègès respè
Mache salomon
M pran sant
Yon afiba
Si l poko kwit
Li prèt pou bo
Si m te konnen
Dlo detounen
Koupe lavi n
San boujounnen
Yon bwat sekrè
Pou lapawòl
K ap lobeye
Nan kòf pèlen
Si m te konnen
Dans kontretan
Donnen fopa
An yanvalou
Yon lòt mereng
Yon lòt sanba
Pou kandyole
Doba dola
Si m te konnen
Malè pandye
An lasini
Sou tèt lavi
Yon chay lapenn
Sou kòf lespwa
Ap godiye
An chalkali
Pou penitans
Ladelivrans
San mannigans
Si jou ale
Tan pa chanje
Si kòk chante
Lè pa rive
Si nen n pran kou
Je n pa kriye
Si vwa n bouche
Rèl nou pèdi
Yon lòt kadans
Yon pa pyanga
Pou n pa bite
Pou nou vanse
N antòtye
N pandye
N fiziye
Yon lame
Lwa desounen
Kalbas govi
Miyèt miyèt
Ganmèl la
KA PO TE
Konnen
Sanble
JOU A LA
Tèt mòn lakay
Kale Bobis
Ap fè tensèl
Kou boul mabi
Si l poko kwit
Li prèt pou bon.
©Jean Dany Joachim