Pouki lanmò
(Pou Delva)
Pouki lanmò nan granchimen
Ap make pa ak tout boulin
Pandye ponya sou tèt lavi
Nan soustraksyon san jeretyen
Touye tensèl kape parèt
Pouki lanmò janbe lakwa
Pote malè nan sakristi
Lage tak san nan vè sakre
Touye chandèl k ap liminen
Pouki lavi devan dèyè
De je pete ap jebede
De bra balan ap tatonnen
Pouki lavi pa gen baryè
E si lavi te ka kanpe
Pou ramase grenn ki tonbe
Ki vag malè n pa ta janbe
Ki sous bonè ki ta twò lwen
Men si lavi pa ta gen bout
Ki barikad nou ta janbe
Pou louvri pòt letènite
©Jean Dany Joachim