Lapenn
Jodi a m santi m
piti piti
piti piti piti
tankou yon tak dlo
ka p woule nan je chagren
m pòtre yon ze fele
sou yon tab panche
tout jan m vire
kontraryete fè m olèmen
m paka tann jounen sa a
al fout fè wout li
pou kè m bat yon lòt jan
pou kannal lajwa m debòde
neye tout jèm chagren m
©Jean Dany Joachim