Fon Lannwit
Se nan fon lannwit
sèl
Ki konn fon kè fènwa
Fèy bwa k ap demanbre
Kase langajman avèk rasin
Sous dlo k ap pèdi kouran
Gaye nan ravin
Wanganègès ki chape
Sou branch
Tonbe nan pèlen gwo zariyen
Se nan fon lannwit sèl
Ki konn dèyè do nan ginnen
Se nan fon lannwit sèl
Ki konn fon kè fènwa…
©Jean Dany Joachim