Bèf Kabwa
Fanm nan leve depim
maten
Li pa met pwa sou dife
Fanm nan leve depim maten
Li boude tankou lèt k ap monte
Depim maten fanm nan leve
Li pa menm fè kafe
Depim maten fanm nan leve
Li ret de bra pandye
Fanm nan leve depim maten
Li rete bouch be
Pou di se bouke l ta bouke !
©Jean Dany Joachim