Anvi
M anvi file w
Pou toutan
M anvi renmen w
Jouk ou renmen m
M anvi pati avè w
Nan yon lòt lavi
M anvi senyen w
M ta bwè tout dlo w
M anvi gade w nan je
Jouk ou wè kè w
M anvi wè w k ap dòmi
M anvi tande w k ap ri
M anvi kite w mòde m
Nan tout kò m
M anvi w tounen lavyèj
K ap pise lapli sou tèt mwen
M anvi wwwwwwwwwwww
©Jean Dany Joachim